Magazin Ameriken TIME selebre gwoup 100 moun ki gen plis enfliyans pou ane 2024 la 25 Avril nan Nouyok. Nan Miami, Jude Deronceray koze ak chantè djaz Mood epi nouvo lidè Systèm Band lan.
Jiri k ap tande pwosè Donald Trump nan New York rantre lakay yo jodi a apre yon finn tande depozisyon yon temwen kle nan pwosè a.
Inivèsite Columbia rale bak sou dèle ke li te fikse ayè jedi-a kote li te bay manifestan anfavè Palestinyen-yo lannwit yè swa a pou yo abandone kan yo sou kanpis la, pandan plis inivèsite nan Etazini te chache anpeche manifestan yo kontinye okipe kanpis yo.
Étazini bay polis nasyonal nouvo materyèl pou kontinye batay kont gang yo
LONDON (AP) — Gen plizyè peyi nan mond lan ki deja mete entèdiksyon kont TikTok e gen anpil lòt kote yon entèdi li nan ekipman gouvènman an. Se paske responsab gouvènman sa yo di yo pè pou app popilè ki pataje video a yo pa pran enfòmasyon pèsonèl yo ni pirate yo sou entènèt.
Yon jij federal ameriken rejte ayè jedi a apèl Donald Trump kont vèdik yon pwosè difamasyon ki te soti anfavè E. Jean Carroll ki te konn ekri kwonik nan jounal, ki te di ke ansyen prezidan an te lage vèni sou li apre akizasyon ke msye te vyole li sa gen dè dizèn lane.
Kou Siprèm Etazini an sanble gen dout sou pawòl ansyen Prezidan Donald Trump ki di li gen pwoteksyon absoli kont pwosè kriminèl pou aksyon ofisyèl li lè li te alatèt peyi a, men plizyè jij doute sou kèk detay nan akizasyon ki sou do li pou pwosè federal ki pwal fèt kont li.
Plis pase 100 etidyan ki tap manifeste an fave Palestin nan inivèsite atravè peyi Etazini jwenn arestasyon yo apre yo antre nan lese-frape ak lapolis.
Kou Siprèm Etazini tande Jedi dosye Donald Trump la ki se yon tantativ pou evite lajistis kondane li pou jefo li te fè pou ranvèse eleksyon 2020 an. Li te pèdi eleksyon sa a devan Demokrat Joe Biden.
Load more