Accessibility links

Breaking News

About Us

About Us

Lavwadlamerik (VOA) se pi gwo òganizasyon nouvèl milti-medya entènasyonal Lèzetazini, ki ofri nouvèl ak enfòmasyon nan plis pase 45 lang pou benefis yon piblik ki gen aksè limite oubyen ki pa gen aksè ditou ak yon près lib. VOA, ki te kreye an 1942, pran yon fèm angajman pou l prezante repòtaj konplè ak endepandan, e pou l di oditè li yo laverite. Se lajan taks kontribyab yo ozetazini ki finanse totalman Lavwadlamerik ki fè pati Ajans Ameriken pou Medya Global

Ou Ajans Ameriken pou Medya Mondyal.

Misyon VOA ak endepandans li kòm yon ògan laprès gen garanti lalwa ki pwoteje jounalis VOA yo kont enfliyans, presyon oubyen zak revanj anba men otorite gouvènman an oubyen politisyen.

An 1976, Prezidan Gerald R. Ford te siyen Chat Lavwadlamerik la, ki deklare

1. Lavwadlamerik va sèvi toutan kòm yon sous nouvèl ki merite konfyans e ki
pale avèk otorite. Nouvèl VOA yo va ekzak, san paspouki e konplè.

2. VOA va reprezante Lèzetazini e non pa yon sèl pati nan sosyete ameriken
an; epi, poutèt sa, li va prezante yon pwojeksyon ekilibre e konplè panse ak
enstitisyon ameriken yo.

3. VOA va prezante politik Lèzetazini yo yon fason klè e efikas; li va prezante tou diskisyon ak opinyon responsab sou politik sa yo.

An 1994, Kongrè ameriken an te pase Lwa Ameriken sou Radyo-Teledifizyon Entènasyonal la. Lwa sa a mande tou pou travay jounalis VOA yo gen otorite, korèk, san paspouki, total e konplè, ekilibre epi reflete divèsite kiltirèl ak sosyal Lèzetazini.

An 2016, nan Lwa sou Otorizasyon konsènan Defans Nasyonal la, Kongrè a te afime yon fwa ankò ke koleksyon ak repòtaj nouvèl se yon travay ki dwe kontinye rete endepandan e san patipri.

Chak jou jounalis VOA yo ap travay di pou yo pwojte nan lemond yon modèl ki baze sou prensip ki reji yon près lib.

XS
SM
MD
LG