Accessibility links

Breaking News

Somè Etazini-Tiki / Obama Rankontre Erdogan


Prezidan Barack Obama (adwat) ap bay lanmen avèk Prezidan Recep Tayyip Erdogan, lidè Latiki a, aprè yo te fin rankontre nan vil Pari, an Frans, nan jounen madi premye desanm 2015 la.
Prezidan Barack Obama (adwat) ap bay lanmen avèk Prezidan Recep Tayyip Erdogan, lidè Latiki a, aprè yo te fin rankontre nan vil Pari, an Frans, nan jounen madi premye desanm 2015 la.

Prezidan Barack Obama rankontre madi premye desanm 2015 la ak prezidan peyi Tiki a, Recep Tayyip Erdogan, pandan lidè ameriken an rive sou dènye jou patisipasyon li nan somè l'ONU ap òganize sou chanjman klimatik yo nan vil Pari, an Frans. Misye Obama ak Misye Erdogan fè rankont sa a nan rezidans anbasadè ameriken an nan Pari, kote prezidan Obama desann pandan sejou li nan kapital Lafrans la.

Sou pwogram rankont Obama-Erdogan nan te genyen lit kont gwoup Eta Islamik la avèk mezantant ki pete ant Moskou ak Annkara poutèt aviyasyon militè Latiki te desann yon avyon-konba ris semèn pase a pandan aparèy sa a --daprè otorite tik yo-- te antre nan espas ayeryen peyi yo.

Prezidan Obama te rankontre lendi avèk prezidan Larisi a, Vladimir Putin, pou yo te abòde ensidan an. Asistan konseye pou sekirite nasyonal Lèzetazini an, Ben Rhodes, fè konnen Prezidan Obama bay Misye Putin konsèy pou l travay ak otorite tik yo dekwa pou yo kalme sitiyasyon an.

Prezidan ameriken an genyen pou l pran avyon Air-Force One pi ta madi pou l retounen Washington aprè li va fin rankontre ak lidè yon seri de ti peyi-zile (sètadi, ti peyi ki antoure ak lamè) ki sibi gwo konsekans chanjman klimatik yo. Pandansetan, patisipan nan 21èm somè l'ONU an sou chanjman klimatik yo nan Pari ap kontinye travay pou yo jwenn yon akò aplikab pou yo tout sou mwayen pou yo redui ogmantasyon tanperati planèt la, pou l pa depase 2 degre Celcius sou nivo li te ye anvan revolisyon endistriyèl la.

XS
SM
MD
LG