Mwayen Oryan
- Serge Michel
Ajans l-ONU Fè Konnen Preske 450.000 Moun kite vil Rafah Palafòs
Ajans l-ONU pou Refijye palestinyen an yo fè konnen jodi lendi a li estime ke preske 450.000 moun kite vil Rafah nan sid Gaza palafòs nan semenn ki pase a pandan fòs izraelyen yo ap pouse pou antre nan zonn nan.
Plis pase mwatye nan popilasyon Gaza a te pran refij nan Rafah, lè anpil Palestinyen te ale lòt bò a nan kouri pou lagè Izrayèl-Hamas la nan lòt pati nan Gaza.
“Moun yo ap fè fas ak gwo fatig, grangou ak laperèz. Okenn kote pa gen sekirite. Yon kanpo touswit nan batay-yo se sèl sa ki ka bay espwa,” se sa ki di nan yon deklarasyon Ajans l-ONU pou Sekou ak Travay pou Refijye Palestinyen nan Pwòch Oryan an.
Komite Entènasyonal LaKwa Wouj anonse jodi madi a ouvèti yon lopital 60 kabann nan Rafah.
- Jean Robert Phillipe
Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza
Fòs Izrayelyen yo batay ak militan Hamas jodi lendi a nan nò ak Sid Gaza, pandan Ministè Sante Gaza a di gen rate gaz pou fè jeneratè lopital yo ak anbilans yo mache, e ke sa pouse sistèm medikal la nan pwen pou li kraze.
- Serge Michel
Lagè Izrayèl nan Gaza: Elèv Nan Inivèsite Duke Moutre Opozisyon Yo nan Yon Seremoni Gradyasyon
Yon ti gwoup gradye nan Inivèsite Duke nan Kawolin di Nò te moutre opozisyon yo kont pawol komedyen ki anfavè Izrayèl, Jerry Seinfeld, nan seremoni gradyasyon inivèsite a yè dimanch swa, kote apeprè 30 sou 7.000 etidyan te leve kite chèz yo e chante “libere Palestin” pandan etidyan t ap rele chalbari dèyè Seinfeld, pandan gen lòt ki t ap bat bravo.
Kèk etidyan te leve drapo wouj, vè, nwa ak blan palestinyen an. Seinfeld, ki te fè non li pandan yon dizèn lane te tounen youn nan komedyen ki pi popilè nan istwa televizyon Etazini. Li kontinye rale anpil fanatik nan video espesyal li sou Netflix ak pwogram televizyon li tankou « Komedyen nan Oto ki ap Pran Kafe, » e li te prezan nan seremoni gradyasyon an pou resevwa yon doktora onorifik nan inivèsite a.
Li sipòte Izrael an piblik depi lè lame a te anvayi Gaza pou pini Hamas apre gwoup la te atake Izrael 7 Oktòb pase.
- Serge Michel
Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza
Fòs Izrayelyen yo batay ak militan Hamas jodi lendi a nan nò ak Sid Gaza, pandan Ministè Sante Gaza a di gen rate gaz pou fè jeneratè lopital yo ak anbilans yo mache, e ke sa pouse sistèm medikal la nan pwen pou li kraze.
Temwen rapòte batay nan kan refijye Jabalia nan nò Gaza, e yon pati nan twoup izraelyen yo tounen pou goumen kont sa lame a di ki se yon efò Hamas pou li re-òganize fòs li.
Kèk rezidan rapòte tou plis frap aeryen ak plis atak atè nan Rafah, toupre fwontyè ak Ejip.
Depatman Deta ameriken di ayè dimanch swa ke Sekretè Deta Antony Blinken te diskite sou “opozisyon Etazini kont yon gwo operasyon militè atè nan Rafah” lè li te pale nan telefòn ak Minis Defans Izraelyen Yoav Gallant.
Apeprè 300.000 sou 1.300.000 Palestinyen ki te al refijye nan Rafah resevwa lòd pou yo evakye ankò.
- Serge Michel
Otorite Izralyen Kont Desisyon Biden Pran Pou Kanpe Sou Ekspedisyon Zam Bay Izrayèl la
Otorite izralyen pale jodi jedi a kont desizyon Prezidan Etazini Joe Biden pou kanpe sou ekspedisyon yon chajman zam pou Izrayèl pandan gen kè-sote sou plan Izrayèl pou li laji yon operasyon militè nan Rafah, plan ke Etazini pa sipòte.
Anbasadè izraelyen nan Nasyon Zini Gilad Erdan deklare “se yon aksyon ki difisil pou nou tande e ki fè nou desu, nan administrasyon yon prezidan ki te toujou sipòte nou depi koumansman lagè a.”
Minis Sekirite Nasyonal israelyen, ekstrèm dwat Itamar Ben Gvir, poste sou X, ki te konn rele Twitter, “Hamas byen renmen Biden”.
Biden di sou CNN nan yon entèvyou ki pase ayè mèkredi swa ke Etazini ap kontinye founi Izrayèl zam pou defans, tankou minisyon pou sa ki rele Kouvèti an Fè a.
Facebook Forum