Otorite ameriken yo ap pare pou akeyi yon karavan imigran ki soti nan Amerik Latin nan. Jean Robert Philippe di nou karavan sa a demare nan moman eta Tegzas nan yon konfli ak gouvènman federal la sou yon nouvo lwa pou arete imigran yo ta sispèk ki ta rantre nan peyi a ilegalman
Kèk responsab Ayisyen nan Repiblik Dominikèn di yo kwè otorite peyi a ta dwe koute apèl kominote entènasyonal la lanse pou sispann depote Ayisyen nan moman sityasyon peyi a kawotik.
Otorite dominiken yo anonse yo pap kanpe sou depòtasyon ayisyen k ap viv nan peyi a san dokiman legal. Jean Robrert Philippe di nou otorite yo anonse yo pap akeyi refijye ayisyen lakay yo tou
Dominiken pran lari Santo Domingo pou pwoteste kont lide pou peyi a ta tabli kan refije pou Ayisyen nan moman sityasyon Ayiti vinn pi grav. Jean Robert Philippe gen detay depi Santo Domingo, kapital Repiblik Dominiken.
Jean Robert Philippe pale ak 2 Ayisyen nan Santo Domingo ki bay opinyon yo sou sityasyon aktyèl Ayiti ak demach konsèy tranzisyon prezidansyèl la.
Anvwaye espesyal VOA Kreyol nan Santo Domingo, Jean Robert Philippe detaye sityasyon an nan ayeropo entenasyonal la kote vol charter kap transpote sitwayen Ameriken Etazini evakye soti Ayiti ap debake.
Palmantè yo nan Kongrè Etazini an ap travay vit pou yo pase dènye pake pwojè-lwa ki nesesè pou ane bidjè a, pandan yo ap aji, bagay ki te dwe fèt lontan, pou bay finansman pou ajans federal yo e anpeche gouvènman-an fèmen pou pàn lajan.
Majistra vil Nouyok, Eric Adams mande plis asistans pou Ayiti. Valerio Saint-Louis gen detay.
Load more