Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon: Divizyon nan Klas Politik la sou Demach Palman an Lanse pou l Eli Pwochen Prezidan an.


Ann Ayiti, sitwayen ki ta renmen okipe pòs Prezidan de la Repiblik la pwovizwaman ann atandan dewoulman eleksyon prezidansyèl yo, gen jiska 11 zè dimaten, vandredi 12 fevriye 2016 la, pou yo depoze dokiman yo nan palman an. Klas politik la divize sou enplikasyon pwosesis palman an lanse a. Sou dosye sa a, yon òganizasyon anonse l ap apiye kandidati prezidan Sena a, Jocelerme Privert, aloske kèk lòt ta prefere yon kandida endepandan. Selon kalandriye komisyon bi-kameral la, nouvo prezidan an ta dwe prete sèman e enstale nan jounen dimanch 14 fevriye a.

Nouvèl Ayiti pou vandredi 12 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:13 0:00
Direct link

Sou demach palman an kòmanse pou l chwazi yon prezidan pwovizwa pou òganize pwochen eleksyon yo, nou genyen reyaksyon ansyen batonye lòd avoka ayisyen yo, Carlos Hercule, ki pataje lide pou tout sektè konsène yo -san bliye ansyen kandida a la prezidans yo-- patisipe nan rechèch yon solisyon pou kriz elektoral la. Mèt Hercule panse li pa twò ta pou palman an jwenn yon konsansis sou kesyon an pandan li lage dout sou legalite inityativ pouvwa lejislatif la.

Anfen, yon òganizasyon de baz nan Sidès peyi d Ayiti lanse apèl bay palman an pou mande l travay ak tout sektè nan vi nasyonal la ak objektif pou yo jwenn yon solisyon nan kriz politik peyi a ap travèse depi kèk tan deja.

XS
SM
MD
LG