Accessibility links

Breaking News

Etazini-Prezidansyèl – Pwochen Eleksyon Primè yo Pral Dewoule nan Kawolin di Sid.


Kandida Ted Cruz (R), Hillary Clinton (D) ak Bernie Sanders (D).
Kandida Ted Cruz (R), Hillary Clinton (D) ak Bernie Sanders (D).

Ozetazini kous pou pòs prezidan an deplase pou l mennen kandida yo nan Eta Kawolin di Sid kote Demokrat Bernie Sanders espere kontinye sou kous li aprè gwo viktwa li te ranpòte an eleksyon primè Eta New Hampshire la madi pase a. Pandan Misye Sanders tap reponn kesyon laprès nan yon pwogram televize mèkredi swa, li bay detay sou rezon ki fè mesaj li a enterese jenn elektè ameriken yo. Misye Sanders di :

<< Youn nan kesyon jenn yo ap poze, se mande kijan fè, ak tout gwo teknoloji sa a, ak tout gwo pwodiktivite ekonomik ki genyen nan peyi nou an, li tèlman fasil pou yo genyen yon nivo de vi ki pi ba pase nivo de vi paran yo, alòske preske tout lajan an, tout richès peyi a pral jwenn 1 pou san moun ki nan klas rich la? Alòs, jenn yo pa enbesil. Yo reflechi e yo di: “ Nou vle yon pati jist, yon pati ekitab nan richès peyi a.” >>

Bernie Sanders espere amelyore kòt popilarite li pami minorite yo nan Kawolin di Sid kote premye sondaj yo te montre rival li a, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton, ap mennen byen lwen devan n. Madam Clinton, li menm, ap chache amelyore pozisyon n nan santiman jenn votan yo nan Kawolin di Sid kote eleksyon primè a pral dewoule nan dat 27 fevriye pou Pati Demokrat la.

Bernie Sanders (D) ak Donald Trump (R) : 2 venkè eleksyon primè Eta New Hampshire a ki te dewoule madi 9 fevriye 2016 la.
Bernie Sanders (D) ak Donald Trump (R) : 2 venkè eleksyon primè Eta New Hampshire a ki te dewoule madi 9 fevriye 2016 la.

Bò kote Repibliken yo, milyadè Donald Trump espere repete nan Kawolin di Sid bèl pèfòmans li te reyalize madi pase nan Eta New Hampshire. Misye Trump pral genyen mwens advèsè an fas li aprè 2 kandida --Gouvènè New Jersey a, Chris Christie, ak PDG konpayi elektwonik Carli Fiorina-- deside kite kous la mèkredi. Eleksyon primè Pati Repibliken an pral dewoule nan Kawolin di Sid nan 9 jou.

XS
SM
MD
LG