Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: Yon Komisyon Palmantè pou Analize Dosye Kandida pou Pòs Prezidan Pwovizwa a


Kèk manm Chanm Depite Ayisyen an
Kèk manm Chanm Depite Ayisyen an

Palman an fòme yon komisyon pou resevwa epi analize pyès kalifikatif kandida pou pòs prezidan pwovizwa a, apre ansyen Prezidan Michel Martelly fin kite pouwva a san eleksyon pat fèt pou yon lidè eli ranplase l. Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la pale ak Depite Cerca Carvajal la, A. Rondon Bien-Aimé, ki bay detay sou pwosedi palman an mete an plas pou l pèmèt komisyon an rayalize objektif li.

Nouvèl Ayiti pou madi 9 fevriye 2016 la
please wait

No media source currently available

0:00 0:07:12 0:00
Direct link

Bò kote pa l, ansyen senatè Jean Hector Anacasis, dirijan LAPEH (Pati kandida a la prezidans Jude Celestin) di leadership pati a pa dakò ak fason palman an ap seleksyone Prezidan pwovizwa a. Misye Anacasis, ki reponn kesyon Jean Robert Philippe, di menm si li pa pral kontrekare aksyon palman an, li konte sou vwa demokratik yo nan peyi a pou yo montre palmantè yo mwayen yo itilize a pa chita sou lalwa ak konstitisyon an.

Anfen, 2èm jounen kanaval la ann Ayiti dewoule san ensidan malgre kèk group mizikal pat patisipe. Jounalis Gregory Jean Philippe di nou komite òganizatè a te anile premye jounen kanaval 2016 la, swa aktivite dimanch 7 fevriye a, pou rezon teknik ak sekirite.

XS
SM
MD
LG