Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Prezidansyèl /Kesyon ap Poze sou Avni Pwosesis Elektoral la


Ann Ayiti, prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP), Pierre-Louis Opont, bay yon konferans pou laprès, nan jounen lendi 30 novanm 2015 la, poul te fè le pwen sou avni pwosesis electoral la. Misye Opont rejte, yon lòt fwa ankò, apèl 8 kandida opozisyon an lanse pou yo mande fòmasyon yon komisyon endepandan pou re-evalye rezilta prezidansyèl 25 oktòb pase a

Nan menm okazyon an, Opont kondane pozisyon kandida Gwoup 8 la ki rejte rezilta prezidansyèl yo e ki òganize divès manifestasyon deja pou yo eseye fè pase revandikasyon yo. Daprè prezidan KEP a, gwoup sa a gen ladan n sa li rele yon seri “kandida pèdan, ki pa prezan nan 2èm tou a –eksepte youn” e li ensiste pou l di “jiskaprezan, okenn nan 2 kandida ki retni pou 2èm tou a pa deziste”; sètadi ni Jovenel Moise, kandida PHTK a (pati ki sou pouvwa a) ki okipe premye plas la, ni Jude Célestin, kandida pati LAPEH a ki vini an 2èm pozisyon, pa fè konnen yo pap patisipe nan rande-vou fen desanm nan.

NOUVEL AYITI POU LENDI PREMYE DESANM 2015 LA - VWA: MARIE-LUCE PIERRE ak L. DESMARATTES
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:10 0:00

Bò kote pa li, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Pierre-Richard Casimir, fè konnen, menm jan sa te fèt pou premye tou eleksyon yo, otorite responsab yo ap pran tout dispozisyon ki nesesè pou garanti sekirite popilasyon an nan okazyon 2èm tou a. Misye Casimir di: “ Nap pran tout dispozisyon pou n asire yon klima sekirite ki pèmèt eleksyon yo fèt.”

Sou menm dosye eleksyon an, kowòdonatè Fowòm Ekonomik Sektè Prive a, Grégory Brandt, lanse apèl bay otorite responsab yo pou yo fè tout sa k posib pou yo pèmèt pwosesis elektoral la abouti, yon fason pou renouvle pèsonèl politik la. Misye Brandt di li lè, li tan pou peyi a rale yon souf; Ayiti pa kapab fè pwogrè si pèp la ap pran lari tout tan; e fason pou nou evite sa, se gras ak òganizasyon eleksyon ki merite konfyans e ki pa bay moun rezon pou yo pwoteste.

Anfen, se avèk anpil tristès Sèvis Kreyòl Lavwadlamerik la aprann nouvèl lanmò jounalis Montigène Sincère, korespondan sèvis la nan vil Ti Gwav, ann Ayiti. Nan okazyon tris sa a, nou prezante kondoleyans sensè nou bay fanmi an avèk tout paran ak alye lanmò sa a lage nan dèy.

XS
SM
MD
LG