Accessibility links

Breaking News

21èm Somè l’ONU sou Chanjman Klimatik yo (COP21) Kòmanse nan vil Pari


Lidè mondyal kap patisipe nan konferans sou chanjman klimatik yo nan Pari, Frans.
Lidè mondyal kap patisipe nan konferans sou chanjman klimatik yo nan Pari, Frans.

Plis pase 150 lidè mondyal reyini nan vil Pari, kapital Lafrans, pou yon some sou chanjman klimatik yo Oganizasyon Nasyon Zini rele COP21 (swa se 21èm Konferans konsa ki fèt e lap dewoule nan vil Pari). L'ONU mete somè sa a sou pye avèk objektif pou patisipan yo siyen kèk akò pou yo mete an aplikasyon obligatwaman desizyon yap pran pou fè fas ak chanjman klimatik yo epi anpeche tanperati planèt tè a monte rive nan yon nivo katastwofik

Youn nan gwo objektif yo se pou peyi yo limite ogmantasyon rechofman planèt la a 2 degre Celcius -e menm mwens ke sa; e pou yo fè sa, yo ta dwe koupe sou itilizasyon gaz ki sòti nan fosil e ki, daprè espesyalis yo, responsab emisyon ki lakoz chanjman klimatik yo.

Prezidan Barack Obama pandan li tap fè diskou li nan ouvèti COP21 nan Pari, Frans. (Dat: 30 novanm 2015).
Prezidan Barack Obama pandan li tap fè diskou li nan ouvèti COP21 nan Pari, Frans. (Dat: 30 novanm 2015).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, pale nan ouvèti somè a pou l ensiste sou wòl jenerasyon aktyèl la genyen pou l jwe nan rechèch solisyon pou pwoblèm chanjman klimatik yo poze. Misye Obama deklare:

<< Tankou youn nan gouvènè ameriken yo te di sa a: Nou se premye jenerasyon ki santi konsekans chanjman klamatik yo e nou se dènye jenerasyon ki dwe fè yon bagay pou n rezoud pwoblèm nan. >>

Anvan ouvèti somè a, pandan prezidan ameriken an tap rankontre ak kòlèg chinwa li a, Xi Jinping, li te ensiste sou nesesite pou gouvènman Lèzetazini ak Lachin kowòdone aksyon yo nan lit kont chanjman klimatik yo, kòm 2 peyi ki emèt plis gaz kabonik nan lè a; donk, yo kontribye plis pase tout lòt nasyon nan rechofman planèt la.

XS
SM
MD
LG