Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Renouvle Estati Pwoteje Tanporè a (TPS) pou Ayisyen Kalifye yo


An gwo plan, nou ka wè Jean Naason, ki gen 30 lane e ki te pran nesans ann Ayiti. Li gen nan men l yon drapo ameriken pandan li tap patisipe nan yon seremoni natiralizasyon Sèvis Sitwayènte ak Immigration Lèzetazini an (USCIS) tap òganize nan vil Miami, nan Eta Florid.
An gwo plan, nou ka wè Jean Naason, ki gen 30 lane e ki te pran nesans ann Ayiti. Li gen nan men l yon drapo ameriken pandan li tap patisipe nan yon seremoni natiralizasyon Sèvis Sitwayènte ak Immigration Lèzetazini an (USCIS) tap òganize nan vil Miami, nan Eta Florid.

Ozetazini, Minis Sekirite Teritoryal la, Jeh Johnson, pran desizyon pou l pwolonje deziyasyon Ayiti kòm yon peyi ki kalifye pou l benefisye TPS (sètadi Stati Pwoteje Tanporè) pou yon lòt peryòd 18 mwa. Daprè yon nòt depatman an pibliye nan jounen madi 25 out 2015 la, desizyon sa a ap antre an aplikasyon nan dat 23 janvye ane 2016 la e lap bout nan dat 22 jiyè 2017.

Benefisyè TPS aktyèl yo dwe ranpli aplikasyon pou pwolongasyon an ant 25 out 2015 e 26 oktob 2015, swa pandan 60 jou kap vini la yo. Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon ameriken an (USCIS) ankouraje benefisyè yo pou yo pa pèdi tan pou yo enskri pou renouvèlman TPS yo, yon fwa peryòd 60 jou a kòmanse.

Pwolongasyon 18 mwa a pèmèt moun kap re-enskri pou TPS yo aplike pou yon nouvo Dokiman Otorizasyon Travay. Benefisyè ayisyen elijib ki enskri pandan peryòd 60 jou a e ki mande yon nouvo pèmi travay, pral resevwa youn ki pral ekspire nan dat 22 jiyè 2017. Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon byen konnen, pami moun ki pral re-aplike yo, genyen ki pa pral resevwa nouvo pèmi travay yo anvan ekspirasyon pèmi yo deja genyen an. Poutèt sa, USCIS ap pwolonje otomatikman pou yon lòt peryòd 6 mwa pèmi aktyèl yo ki gen sou yo 22 janvye 2016 kòm dat ekspirasyon. Sa vle di, tout pèmi ki egziste kounye a ap rete valab pou jous 22 jiyè 2016.

Premye fwa Ayiti te benefisye deziyasyon TPS la, se nan dat 21 janvye 2010, aprè yon gwo kokenn tranblemantè te devaste peyi a. Aprè Depatman Sekirite Teritoryal la te konsilte kèk lòt ajans federal, li detèmine kondisyon aktyèl yo ann Ayiti jistifye yon pwolongasyon pou sitwayen ayisyen kap benefisye TPS la jounen jodi a.

XS
SM
MD
LG