Accessibility links

Breaking News

Fen Vizit Prezidan Barack Obama nan 2 Peyi Est-Afriken.


Prezidan Barack Obama pandan li tap fè yon diskou devan chèf deta ak chèf gouvènman peyi-manm Inyon Afrikèn nan. (Adis Abeba, Etyopi, 28 jiyè 2015).
Prezidan Barack Obama pandan li tap fè yon diskou devan chèf deta ak chèf gouvènman peyi-manm Inyon Afrikèn nan. (Adis Abeba, Etyopi, 28 jiyè 2015).

Prezidan ameriken an, Barack Obama, ap mete fen, madi 28 jiyè 2015 la, nan yon toune nan pati lès kontinan afriken an kote li tounen premye lidè Lèzetazini ki pran lapawòl devan chèf deta ak chèf gouvènman peyi-manm Inyon Afrikèn nan nan katye jeneral òganizasyon sa a nan Addis-Abeba, kapital Etyopi. Misye Obama prezante sou tribin Inyon Afrikèn nan aprè yon rankont avèk Prezidan komisyon Inyon an, Nkosazana Dlamin Zuma, epi yon vizit nan yon izin kote yo trete manje.

Nan jounen lendi a, Prezidan Obama te wè ak Premye Minis etyopyen an, Hailemariam Desalegn, pou yo te fè sa lidè ameriken an rele "kèk diskisyon ouvè e sensè" sou divès kesyon ki te gen ladan yo -antwòt: ankourajman pou gouvènman etyopyen an pèmèt jounalis ak pati opozisyon an fè travay yo an tout libète. Chèf deta ameriken an pale pou l di :

« Si gouvènman an ouvè pòt la pou pèmèt 2 antite sa yo opere kòmsadwa, sa pral ranfòse travay pati ki sou pouvwa a, olye sa febli li. »

Misye Obama se premye prezidan ameriken ki vizite Etyopi. Pandan li tap rankontre otorite peyi sa a lendi, La Mezon Blanch anonse Lèzetazini gen plan pou l fè Etyopi jwenn yon asistans kap monte rive 40 milyon dola pou pi piti pou konbat militan ekstremis kap opere ann Afrik de Lès yo, mete sou yon anvlòp 465 milyon dola Washington ofri pou antrènman epi pou reyalize yon inisyativ ki la pou ranfòse kapasite peyi est-afriken yo pou yo fè fas ak vyolans ekstremis yo nan rejyon an.

XS
SM
MD
LG