Accessibility links

Breaking News

Mèt André Michel Konfime Viza Ameriken li Revoke.


Ann Ayiti, Mèt André Michel, yon avoka militan e kandida laprezidans pou Pati Jistis, bay yon konferans pou laprès kote li konfime nouvèl ki di Anbasad Lèzetazini anile viza ameriken li. Mèt Michel di responsab ameriken yo pa bay li okenn eksplikasyon .

Deklarasyon Mèt André Michel sou Viza ameriken li ki revoke
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:54 0:00
Direct link

Nap siyale seksyon konsilè anbasad amerikèn ann Ayiti oubyen nan nenpòt ki lòt peyi, pa janm fè kòmantè sou desizyon li pran pou l bay, refize oubyen anile viza yon moun.

Sou menm dosye sa a e konsènan ka presi Mèt André Michel la, pòtpawòl misyon diplomatik Lèzetazini an nan Pòtoprens, Karl Adam, fè Lavwadlamerik jwenn nòt sa a :

"Nou pa gen ni deklarasyon ni reyaksyon sou dosye sa a. Daprè lwa amerikèn sou imigrasyon, nou konsidere kòm konfidansyèl tout enfòmasyon konsènan viza yon moun kèlkonk.

Sepandan nou kapab di, an jeneral, lè yo revoke viza yon moun, ofisyèl yo gen dout sou elijibilite moun sa a pou yon viza. Se sèlman prezidan ameriken an ki gen dwa revoke viza moun pou aktivite politik jan sa te rive, sa pa gen lontan, nan ka kèk sitwayen venezyelyen. Depatman Deta a pa kapab anile viza moun pou aktivite politik san prezidan Lèzetazini an pa fè parèt yon pwoklamasyon piblik sou sa."

XS
SM
MD
LG