Accessibility links

Breaking News

Nijerya genyen yon Nouvo Prezidan: Mohammadu Buhari


Muhammadu Buhari ak yon gwoup patizan ap selebre aprè viktwa li nan eleksyon prezidansyèl yo.
Muhammadu Buhari ak yon gwoup patizan ap selebre aprè viktwa li nan eleksyon prezidansyèl yo.

Nan Nijerya, Muhammadu Buhari tounen nouvo prezidan peyi a aprè li fin kale prezidan sòtan an, Jonathan Goodluck, nan elekyon prezidansyèl kit e dewoule samdi ak dimanch pase a. Misye Goodluck deja pale pou l rekonèt defèt li. Daprè 2 repòtè Lavadlamerik, Ibrahim Akmed ak Peter Clotley ki twouve yo nan vil Abouja, kapital Nijerya a, prezidan sòtan an rele prezidan eli a nan aprè midi jounen madi 31 mas la pou l felisite l pou viktwa l la

Viktwa Misye Buhari a vin mete fen nan 16 zan pouvwa pati PDP a --swa Pati Popilè Demokratik la-- e sa reprezante premye fwa pouvwa a ap chanje men gras ak eleksyon. Misye Buhari genyen 72 zan; li te pase 20 mwa kòm kòmandan fòs zame peyi a aprè lame te mete men sou goumenman an nan yon koudeta ki te fèt nan mwa desanm 1983. Jonathan Goodluck te dirije Nijerya depi li te retounen nan demokrasi nan lane 1999.

XS
SM
MD
LG