Accessibility links

Breaking News

Nouvèl Nèf sou Kantite Kretyen Asiryen Gwoup Eta Islamik la Kidnape


Konbatan Gwoup Eta Islamik la
Konbatan Gwoup Eta Islamik la

Yon gwoup kap defann dwa moun nan Siri fè konnen kantite kretyen asiryen Gwoup Eta Islamik la kidnape nan peyi nò peyi a, monte rive omwen 220. Obsèvatwa Dwamoun Siryen an -ki baze nan vil Lond, ann Angletè- deklare militan islamik yo mete men sou moun yo pandan 3 jou ki pase yo nan moman yo tap chache pran kontwòl 10 vilaj nan pwovens Hassakeh.

Gwoup islamik la vize minorite relijye yo pou l kidnape oubyen asasinen pandan lap agrandi enfluyans li nan pati nò Irak ak Siri. Obsèvatwa Dwamoun Siryen an fè konnen tou, an plis kretyen militan yo kidnape nan pwovens Hassakeh, yo fòse abitan rejyon an kite kote yo tap viv nan prensipal vil pwovens la, ki rele Hassakeh tou, avèk vil Kamishli.

XS
SM
MD
LG