Accessibility links

Breaking News

Rapò Amnesty International pou Ane 2014 la : Sitiyasyon an Vin Pi Mal Anpil nan Lemond.


Sergei Nikitin, direktè biwo Amnesty International nan Larisi, ki tap prezante yon kopi repò òganizasyon an sou abi dwa moun atravè lemond pandan ane 2014 la nan yon konferans pou laprès li bay nan vil Moskou nan jounen madi 24 fevriye 2015 la.
Sergei Nikitin, direktè biwo Amnesty International nan Larisi, ki tap prezante yon kopi repò òganizasyon an sou abi dwa moun atravè lemond pandan ane 2014 la nan yon konferans pou laprès li bay nan vil Moskou nan jounen madi 24 fevriye 2015 la.

Amnesty International, òganizasyon defans dwamoun ki baze nan Langletè, fè parèt, mèkredi 25 fevriye 2015 la, rapò li pou ane 2014 la. Li bay yon move kanè pou sitiyasyon dwamoun atravè lemond pou ane ki pase a.

Daprè rapò a, plizyè milyon sivil te pèdi lavi yo sou planèt Tè a --sòti nan peyi Siri pou rive nan peyi Ikrèn, sòti sou Tèritwa Gaza a pou ale nan peyi Nijerya-- tandiske kantite moun ki deplase yo (swa pou y al viv yon lòt kote nan pwòp peyi yo, swa pou yo travèse fwontyè epi al rete nan yon lòt peyi), kantite sa a bay yon chif ki depase 50 milyon moun. Oganizasyon an di se premye fwa chif la monte rive wo konsa depi fen 2èm Gè Mondyal la.

Sekretè Jeneral Amnesty International la, Salil Shetty, fè konnen òganizasyon an akize gouvènman yo nan lemond poutèt yo echwe nan misyon yo genyen pou yo pwoteje sivil yo kont zak vyolans gwoup ame yo, oubyen aksyon mechan lòt gouvènman ap komèt. Misye Shetty di:

"Prensipal mesaj nou vle voye ak rapò sa a, se pou n di repons kominote entènasyonal la ak repons sila yo ki ta kapab pase alaksyon pou yo stope zak vyolans yo, ebyen ! repons sa a negatif, pou n pa di se yon repons ki fè wont. Nou lanse yon apèl klè pou n atire atansyon sou sa lemond kapab fè pou l ranvèse sitiyasyon an epi amelyore kalite pwoteksyon yap bay popilasyon sivil la, ki byen merite jwenn bon jan pwoteksyon."

Nan rapò Amnesty International la, li fè konnen gwoup ame te kontinye komèt abi nan omwen 35 peyi. Oganizasyon dwamoun nan di li konsidere monte Gwoup Eta islamik la kòm yon fenomèn ki ba li kè-sote seryèzman.

XS
SM
MD
LG