Accessibility links

Breaking News

Dezyèm Jounen Chita Tande ant Prezidan Michel Martelly ak Kèk Lidè Opozisyon an


Kèk rezidan ap lave figi yon demwazèl ki te viktim gaz lakrimojèn anba men lapolis.
Kèk rezidan ap lave figi yon demwazèl ki te viktim gaz lakrimojèn anba men lapolis.

Ann Ayiti, Prezidan Michel Martelly ap fè 2èm jounen chita pale li ak yon lòt branch opozisyon an jedi 18 desanm 2014 la nan kad aplikasyon rekòmandasyon komisyon konsitaltif la te fè pou rezoud kriz politik la. Kèk pati ou byen regroupman politik, tankou Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD), pat patisipe nan premye rankont la.

Madi 17 desanm nan, Misye Martelly te rankontre ak dirijan 4 pati politik dabò, anvan li te fè yon chita-tande separe ak lidè Fanmi Lavalas. Pati sa yo di yo pwopoze chèf deta a pou l òganize yon lòt rankont nan kad aplikasyon rekòmandasyon komisyon konsiltatif la. Daprè Lavalasyen yo, rankont yo a ak Prezidan Matelly pap anpeche yo kontinye òganize manifestasyon kont gouvènman an.

Nouvèl Ayiti - jedi 18 desanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:12 0:00
Direct link

Yon lòt kote, jedi 18 desanm nan se 2èm jounen Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la (MOPOD) ak lòt regwoupman politik fikse pou yo mete yon lòt manif sou pye nan kad efò yap fè pou yo fòse Misye Martelly bay demisyon n. Manifestasyon sa yo ap dewoule malgre Premye Minis Laurent Lamothe te deside kite pouvwa a, epi manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a pwomèt pou yo demisyone tou anvan fen semen nan. Prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, Mèt Arnel Alexis Joseph, bò kote pa l, deklare lap reflechi pou l konnen si wi ou non li dwe bay demisyon n jan rekòmandasyon komisyon konsiltatif la mande sa.

Anfen, Prezidan Sena a, Dieuseul Simon Desra, kwè aktè politik yo dwe jwenn yon konsansis avan yo antann yo sou chwa yon nouvo Premye Minis. Msye Desra pale konsa apre sena a te resevwa vizit Prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, Max Mathurin, ak konseye elektoral Nehemie Joseph, ki te fè nan palman an pou yo anonse dispozisyon yo pou yo demisyone, toujou pou respekte sa ki di nan rekòmandasyon komisyon konsiltatif la.

XS
SM
MD
LG