Accessibility links

Breaking News

Chanjman nan Relasyon ant Lèzetazini ak Kiba / Reyaksyon


Barack Obama yon bò (agoch, nan Washington); Raul Castro yon lòt bò (adwat, nan La Avàn).
Barack Obama yon bò (agoch, nan Washington); Raul Castro yon lòt bò (adwat, nan La Avàn).

Aprè Prezidan Barack Obama fin anonse administrasyon n nan ap pran desizyon pou l retabli relasyon diplomatik ak Kiba epi adousi anbago Lèzetazini mete depi plis pase 50 tan sou do peyi karayib sa a, divès lidè mondyal pa pèdi tan pou yo reyaji e bay opinyon yo. Nan New York, Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, Ban Ki-moon, fè parèt deklarasyon sa a:

« Gouvènman ameriken an te ban m enfòmasyon davans sou sa. Se yon nouvèl ki trè zenpòtan. Mwen di Prezidan Obama ak Prezidan Casto mèsi deske yo pran desizyon enpòtan sa a pou yo nòmalize relasyon yo. Atravè rezolisyon Asanble Jeneral l’ONU an e pandan plizyè lane, anpil nan eta-manm yo te ensiste plizyè fwa pou di li te lè, li te tan pou Kiba ak Lèzetazini nòmalize rapò yo. Poutèt sa, se avèk kè-kontan mwen resevwa nouvo devlopman ki fèt jodi a. Mwen espere anons sa a pral sèvi pou ranfòse plis toujou echanj kap fèt ant 2 pèp yo ki rete separe pandan tèlman lontan. Nasyon Zini pare pou l ede Lèzetazini ak Kiba devlope bon rapò yo kòm 2 peyi vwazen. »

Bò kote pa l, Sekretè Deta ameriken an, John Kerry, fè parèt yon nòt pou laprès kote li prezante yon istorik rapò ant Washington ak La Avàn depi ane 60 yo. Chèf diplomasi Lèzetazini an bay opinyon pèsonèl li sou desizyon administrasyon Obama a pran vizavi Kiba a lè li fè deklarasyon sa a :

«… Nouvo kouran aksyon sa a pap rete san defi; li baze non pa sou yon ak de fwa, men pito sou konviksyon ke se pi bon mwayen pou n pote libète ak opòtinite bay pèp kiben an… e pou n defann enterè sekirite nasyonal Lèzetazini nan Amerik yo –san bliye yon pi gwo stabilite rejyonal ak opòtinite ekonomik pou biznis ameriken yo. »

XS
SM
MD
LG