Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Opozisyon an Lanse 2 Nouvo Manifestasyon Kont Pouvwa Martelly/Lamothe la


Haiti
Haiti

Ann Ayiti, Mouvman Patriyotik Opozisyon Demokratik la ( MOPOD), ak kèk lòt pati politik lanse 2 jou manifestasyon vandredi 28 ak samdi 29 novanm pou mande demisyon prezidan Michel Martelly, premye Minis Laurent Lamothe ak liberasyon sipòtè yo. Ansyen Senatè Turneb Delpe, youn nan manm MOPOD, di manifestasyon yo ap kontinye jiskaske yo satisfè demand opozisyon an.

Nouvèl Ayiti -vandredi 28 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:08:49 0:00
Direct link

Yon lòt kote, ansyen senatè Youri Latortue, kap dirije Pati politik Ayiti Ann Aksyon (AAA) lanse yon manifestasyon nan vil Gonayiv anfavè pouvwa a. Senatè Latortue, ki se konseye prezidan Michel Martelly, mande sena a pou vote lwa elektoral la pou eleksyon kapab dewoule nan peyi a.

Anfen, Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la, Reginald Delva, fè konnen otorite yo louvri yon ankèt pou jwenn moun ki ta responsab ensidan ki te rive nan seri manifestasyon moun Fò Libète ak Wanament t ap fè pou reklame kouran elektrik. Direktè Jeneral EDH la, Jean Marcel Pinard, anonse konpayi an pral itilize izin Karakòl la pou bay popilasyon nan Fò Libète ak Wanament 6zèd tan kouran chak jou. Msye Pinard mande popilasyon an sispann manifestasyon yo pou pèmèt teknisyen EDH yo repare dega ki fèt nan izin elektrik vil Fò Libète a.

XS
SM
MD
LG