Accessibility links

Breaking News

Fen Seri Konsiltasyon Prezidan Michel Martelly Tap Fè ak Klas Politik la e Sosyete Sivil la


Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)
Prezidan Michel Martelly (Foto achiv)

Ann Ayiti, prezidan Michel Martelly mete fen nan seri konsiltasyon li te kòmanse ak klas politik la e sosyete sivil la depi 22 Septanm pase a san li pa rankontre ak 5 pati nan opozisyon an. Lidè ayisyen an, k ap pare pou l mete yon mesaj devan popilasyon an nan jou k ap vini la yo, di pòt la toujou louvri pou l rankontre opozisyon an ki poze yon seri kondisyon avan yo chita pale ak li.

Nouvèl Ayiti -Madi 25 novanm 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:49 0:00
Direct link

Gwoup 5 pati nan opozisyon an: MOPOD, Fusion Socio-Demokrat yo, Kontra Pèp la, Inite, Pati Ayisyen pou Ayiti lanse yon manifestasyon pou madi 25 novanm nan pou mande demisyon chèf leta a. Pati sa yo rejte 3 envitasyon chèf leta a te fè yo pou vinn diskite ak li sou kriz la.

Ayiti Jistis: Minis Jistis la, Jean Renel Sanon, pibliye yon kominike pou l entèdi moun pote za’m blanch ak za m afe pandan y ap patisipe nan manifestasyon. Responsab lajistis la mande lapolis pou l sezi epi arete tout moun ki ta gen za’m sou yo pandan y ap pwoteste pasifikman. Desizyon sa a tonbe apre 2 moun pou pipiti te blese nan yon manifestasyon opozisyon an te òganize 18 novanm pase a.

Yon lòt kote, madi 25 novanm nan se jounen entènasyonal kont Vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi. Nan okazyon an Ministè kondisyon feminin lanse yon seri aktivite nan vil Okay pou sansibilize diferan sektè sosyete a sou nesesite pou pwoteje medam ak tifi yo.

klike sou ralonj ki sou tèt atik sa a pou tande pwen sa yo ak lòt nouvèl sou Ayiti.

XS
SM
MD
LG