Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama ap Anonse Jedi Swa yon Nouvo Plan Imigrasyon pou Etazini


President Barack Obama
President Barack Obama

Prezidan ameriken an, Barack Obama, dwe devwale jedi 20 novanm nan nan aswè plan li genyen pou ‘l "pran yon dekrè" pou pwoteje kont depòtasyon plizyè milyon imigran san bon dokiman legal k ap viv Ozetazini, men desizyon sa a deja pwovoke gwo polemik nan mitan opozan ki pa dakò ak prezidan an. Prezidan Obama, yon demokrat, (dapre yon kopi mesaj la Lamezon Blanch pibilye davans) di politik imigrasyon peyi a gen lontan depi li pap mache byen, se rezon ki fòse l pran aksyon sa a apre Kongrè a pat reyisi jwenn yon akò sou yon nouvo lwa imigrasyon.

Sepandan, palmantè repibliken yo pa kache mekontantman yo kont desizyon misye Obama pou l aji pou kont li e yo fè remake "prezidan an te toujou di li pa genyen otorite legal pou l chanje politik imigrasyon an antanke chèf leta san apwobasyon kongrè-a." Lidè repibliken nan Sena a, Mitch McConnell, di objektif pwojè prezidan an se asire eritaj politik li." Li genyen rezon. Mezi li pwopoze a meprize Lalwa ; li voye jete vwa elektè yo e l pral enpoze yon nouvo enjistis kont imigran ki deside swiv chimen legal yo. Sa pa pral rezoud pwoblèm nan."

Misye McConnell di palmantè repibliken yo--- ki pral pran kontwòl Kongrè a nan mwa janvye 2015 lan—ap anvizaje yon seri opsyon pou kontrekare Plan imigrasyon prezidan Obama a. Sèten repibliken di yo dwe konsidere menm mete gouvènman an "nan chomaj teknik ", tandike genyen lòt ki pwopoze pou Kongrè a pa debloke lajan pou finanse depans ki nan plan imigrasyon prezidan an.

Laprès rapòte dekrè prezidan Obama a pral anonse a pral pèmèt anviwon 5 milyon imigran san papye legal jwenn papye ki va pèmèt yo travay Ozetazini–pami yo sila ki genyen pitit ki fèt nan peyi a ou ki marye ak sitwayen ameriken.

Prezidan Barack Obama konte tou pwolonje yon dekrè li te pran an 2012 ki pwoteje kont depòtasyon jèn imigran ki te debake Ozetazini lè yo te timoun---ke yo rele ann angle « Dreamers » ou moun kap reve yo, an kreyòl.

Paran timoun sa yo, sepandan pa pra l benefisye pwoteksyon kont yon posib depòtasyon. Imigran san papye legal ki ka benefisye pwoteksyon sa yo pap kapab jwenn benefis federal, tankou asirans-sante, pa egzanp. Prezidan Obama pral siyen dekrè sa a vandredi 21 novanm nan nan vil Las Vegas, Eta Nevada, nan lwès Etazini, ki genyen yon gwo popilasyon ispanofòn (moun ki pale panyòl) ak anpil imigran ilegal k ap viv ladan.

XS
SM
MD
LG