Accessibility links

Breaking News

Minis Afè Etranjè Venezuela a, Rafael Ramirez, ap Evalye Pwojè Karakas ap Finanse ann Ayiti


Minis Afè Etranjè Venezuela a Rafael Ramirez pandan yon konferans ak jounalis yo nan Karacas
Minis Afè Etranjè Venezuela a Rafael Ramirez pandan yon konferans ak jounalis yo nan Karacas

Ann Ayiti Minis Afè Etranjè Venezuelyen an, Rafael Ramirez, ap mete fen nan vizit 48è li kòmanse depi madi 28 oktòb la pou l evalye 275 pwojè gouvènman peyi l ap finanse ak fon petwo-karibe a. Premye Minis ayisyen an, Laurent Lamothe, remèsye gouvènman Karakas la pou asistans l ap bay peyi a atravè fon sa a. Chanselye venezwelyen an, Rafael Ramirez, di li konstate anpil pwogrè ki fèt nan peyi a.

Nouvèl Ayiti -mèkredi 29 oktòb 2014
please wait

No media source currently available

0:00 0:09:07 0:00
Direct link

Yon lòt kote, Komisyon Jistis ak Sekirite sena a ranvwaye pou 5 novanm seyans depozisyon direktè Polis Nasyonal la Godson Orelus ak wo eta majò PNH la ki te dwe dewoule madi 28 oktòb la. Msye Orelus te prezante pèsonèlman devan komisyon an pou mande l ranvwaye seyans la pou rezon sante. Responsab yo gen pou bay eksplikasyon sou britalite fòs de lòd yo ap komèt sou militan k ap manifeste kont pouvwa a.

Bò kote pa l senatè Lwès la, Steven Benoit, deplore konpòtman chèf polis la ki sanble ap pèdi otorite sou manm enstitisyon an. Selon senatè a enstitisyon an sanble ap travay plis pou pouvwa egzekitif la olye pou l pwoteje popilasyon an.

Senatè Latibonit la, Francois Annick Joseph, anonse li pral mande yon laboratwa analize likid fòs de lòd yo ap itilize kont militan k ap manifeste kont pouvwa a. Senatè Joseph menase pou l pote plent devan Tribinal Penal Entènasyonal (TPI, an franse) kont lapolis ak gouvènman an si rezilta yo ta revele likid la gen pwodwi chimik ladann. Senatè a fè deklarasyon sa a apre plizyè manifestan plenyen pou di dlo fòs de lòd yo voye sou yo pandan manifestasyon an fè kò yo grate yo.

Anfen, opozisyon an anonse yon manifestasyon pou jedi 30 oktòb la pou mande liberasyon militan fòs de lòd yo arete pandan yo t ap pwoteste kont pouvwa a depi vandredi 17 pou rive dimanch 26 oktòb. Ansyen depite Serge Jean Louis, youn nan pòt pawòl opozisyon an, deklare manifestasyon an ap demare nan 2 pwen diferan nan kapital la pou ale nan komisarya Omega a nan komin Kafou kote 2 militan opozisyon, Byron Odige ak Rosny Thimothée, fèmen depi dimanch 26 oktòb la. Militan sa yo anba akizasyon: pwovokasyon pou komèt krim, destriksyon byen prive ak ensitasyon ala vyolans. Dapre nouvèl yo lajistis mete manda dèyè lòt manm nan opozisyon an.

XS
SM
MD
LG