Accessibility links

Breaking News

Atak Teworis sou Palman Kanada a / Reyaksyon Premye Minis Harper


Premye Minis Kanada a, Stephen Harper, pale nan yon pwogram televize sou CBC --Canadian Broadcasting Corporation-- (Foto: Ottawa, 22 oktòb 2014).
Premye Minis Kanada a, Stephen Harper, pale nan yon pwogram televize sou CBC --Canadian Broadcasting Corporation-- (Foto: Ottawa, 22 oktòb 2014).
Premye Minis kanadyen an, Stephen Harper di : “Kanada pap janm bese ba devan teworis; Kanada pap kite teworis entimide li.” Misye Harper pale konsa mèkredi 22 oktòb 2014 la aprè 2 atak fèt nan yon semen: youn tou prè Montreal e lòt la nan Ottawa. Bilan: 2 sòlda kanadyen mouri.

Nan yon mesaj televize ki pase nan fenn jounen mèkredi a atravè tout peyi a chèf gouvènman an deklare atak sa yo dwe fè Kanada sonje li pa egzan atak teworis. Misye Harper pran yon angajman solanèl pou l redouble efò nan travay gouvènman l nan ap fè pou l idantifye e kontrekare menas yo.

“Kanada pap janm kite yo entimide l. An fèt, sa pral fè nou ranfòse volonte nou e redouble efò nou; e ajans sekirite nasyonal nou yo pral fè menm bagay la e yap pran dispozisyon ki nesesè pou idantifye e fè fas ak menas yo, yon fason pou yo bay Kanada sekirite. Se menm jan tou, sa k pase a pral ranfòse fèm volonte nou ak efò nou pou n travay ak alye nou yo a travè lemond, pou n batay kont òganizasyon teworis yo kap britalize moun nan lòt peyi avèk espwa yo va kapab pote sovajri yo a sou tèritwa nou an. Eben, yo pap jwenn pyès kote pou yo kache.”

Moun te ka tande plizyè douzèn kout-bal ki pati nan palman an kèk moman sèlman aprè yon nèg te ouvè kout zam sou sòlda rezèvis Nathan Cirillo epi li touye misye pandan li tap fè sekirite nan Mozole Nasyonal Lagè Kanada a, ki tou prè palman an. John McKay, yon palmantè e manm Pati Liberal la, di kijan li te viv sitiyasyon an.

“ Pratikman mwen tap wete levit mwen pou m t al patisipe nan sesyon an. Se lè sa a mwen tande pow pow, pow pow, pow….. Mwen tande jiska 10 kout-bal pati; mwen pa ka bay kantite a egzatteman. Mwen te panse sete kout dinamit oubyen bri moun kap fè konstriksyon… Mwen pat panse sete kout-zam.”

Daprè lapolis, atakan an se yon nèg lajistis te kondane pou zak kriminèl. Non misye se Michael Zehaf-Bideau; li genyen 32 zan. Sèjan Kevin Vickers, ki te la pou pwoteje palman an, ouvè zam sou li pandan li tap tire anndan lokal palè lejislatif la e li touye misye tou prè chanm kote palmantè yo fè rankont yo.

Nan Washington, Prezidan Barack Obama pat pèdi tan pou l rele Premye Minis Stephen Harper nan telefòn aprè atak la pou di li kijan li enpòtan pou otorite Lèzetazini ak Kanada kap travay nan domèn anti-teworism la, kontinye kowòdone pwogram yo ak strateji yo. Misye Obama kondane 2 atak ki fèt yo e li ofri Premye Minis Harper tout asistans posib Lèzetazini kapab bay Kanada nan sikonstans la.

XS
SM
MD
LG