Accessibility links

Breaking News

Afrik di Sid - Jistis: Prizon 5 An pou Atlèt Oscar Pistorious


Lễ hội Diều năm 2016 đánh dấu kỷ niệm 50 năm những cánh diều bay trên National Mall, Washington DC.
Lễ hội Diều năm 2016 đánh dấu kỷ niệm 50 năm những cánh diều bay trên National Mall, Washington DC.

Nan Afrik di Sid, Jij Thokozilé Masipa pran desizyon pou l bay atlèt Oscar Pistorius yon santans 5 kan prizon pou asasina mennaj li, Reeva Steenkamp. Jij la anonse vèdik la nan jounen madi 21 oktòb 2014 la nan vil Pretorya preske 7 mwa aprè pwosè a te kòmanse –yon pwosè ki te domine aktyalite entènasyonal la.

Aprè anons desizyon jij la, avoka defans yo fè konnen yo atann yo aske Oscar Petrious rete 10 mwa sèlman nan prizon anvan otorite lajistis yo ba li pèmisyon pou l sèvi rès tan an an rezidans siveye.

Avoka akizasyon yo te fè presyon pou jij la bay akize a yon tou prizon 10 zan pou pi piti, tandiske avoka defans yo te ensiste pou Jij Masipa bay kliyan yo a yon santans rezidans siveye sèlman plis sèvis kominotè paske, daprè yo menm, Oscar Petrious –yon atlèt ki pa gen janm-- kapab gen pwoblèm pou l viv nan prizon. Sepandan, Jij Masipa di li byen konnen sistèm penitansye peyi a genyen tout sa k nesesè pou l pran swen yon prizonye ki gen bezwen espesyal.

XS
SM
MD
LG