Accessibility links

Breaking News

Rankont Entènasyonal nan Belaris sou Sitiyasyon an nan Ikrèn


Yon elikoptè militè ikrenyen ap vole sou yon baz militè ki nan vil Kramatorsk nan pati lès Ikrèn. (Foto: premye septanm 2014).
Yon elikoptè militè ikrenyen ap vole sou yon baz militè ki nan vil Kramatorsk nan pati lès Ikrèn. (Foto: premye septanm 2014).

Minis afè etranjè Larisi a, Sergei Lavrov, di negosyasyon ki pral dewoule lendi nan Belaris sou sitiyasyon an nan Ikrèn, dwe chita sou yon seselfe imedya e san kondisyon ki poze davans.

Rankont sa a –kap fèt nan vil Minsk- ap genyen ladan non sèlman reprezantan Larisi, men tou diplomat peyi Ikrèn ak OSKE (Oganizasyon pou Sekirite ak Kowoperasyon ann Ewòp la). Moun poko konnen egzatteman si separatis pwo-Larisi yo pral voye reprezantan yo tou.

Misye Lavrov kontinye pou l di Larisi pa pral fè okenn entèvansyon militè nan Ikrèn. Daprè kalkil l’OTAN, gen omwen 1000 (mil) sòlda ris sou tèritwa ikrenyen an epi lidè Inyon Ewòp la egzije pou Moskou wete twoup li yo imedyatman. Larisi pale plizyè fwa pou l di li pa gen pyès sòlda nan Ikrèn.

Rankont Minsk la ap dewoule yon jou aprè prezidan Larisi a, Vladimir Putin, te lanse apèl pou l mande bon jan negosyasyon sou posiblite pou pati sidès Ikrèn tounen yon eta endepandan. Misye Putin, ki te abòde dosye a nan yon mesaj televize, fè konnen endepandans rejyon sa a se yon nesesite pou « pwoteje dwa legal moun kap viv nan pati sidès » Ikrèn.

XS
SM
MD
LG