Accessibility links

Breaking News

Pakistan-Politik : Manifestan ap Mande Demisyon Premye Minis Nawaz Sharif


Manifestan sèvi ak baton pou yo frape yon machin ak yon motosiklèt pandan yo tap defile nan sa yo rele "Mach Revolisyon an" nan direksyon kay premye minis Nawaz Sharif. (Foto: Islamabad, premye septanm 2014).
Manifestan sèvi ak baton pou yo frape yon machin ak yon motosiklèt pandan yo tap defile nan sa yo rele "Mach Revolisyon an" nan direksyon kay premye minis Nawaz Sharif. (Foto: Islamabad, premye septanm 2014).

Nouvèl ki sòti Pakistan fè konnen fòs sekirite yo degepi plizyè santèn manifestan anti-gouvènmantal ki te okipe lokal yon televizyon Leta apre manifestan sa yo te pran estasyon an daso epi yo te koupe transmisyon pwogram yo.

Manifestan yo, kap reklame demisyon premye minis Nawaz Sharif, te pran lokal estasyon televizyon PTV pa lafòs byen bonè lendi premye septanm 2014 la, pandan televizyon an tap retransmèt an dirèk mouvman pwotestasyon an depi stidyo li nan kapital la, Islamabad.

Anvan sa, toujou bonè nan jounen lendi a e toujou nan vil Islmabad, manifestan ki te gen baton ak wòch nan men yo, te tonbe nan lese-frape ak lapolis. Sa gen plizyè semèn deja depi moun yo ap manifeste pou yo egzije premye minis Sharif kite pouvwa a. Opozisyon an lanse akizasyon pou di se koken ki te pèmèt li ranpòte eleksyon ane pase a. Sepandan obsèvatè entènasyonal ki te sou plas fè konnen, an jeneral, eleksyon an te lib, onèt e demokratik.

XS
SM
MD
LG