Accessibility links

Breaking News

Lanmò yon Sitwayen Ameriken ki te avèk Militan Islamik yo nan Siri


حمله در سرک دارلامان کابل صورت گرفت
حمله در سرک دارلامان کابل صورت گرفت

Lamezon Blanch konfime lanmò yon sitwayen ameriken ki tap batay bò kote militan islamik yo nan Siri. Pòtpawòl konsèy sekirite nasyonal Lèzetazini an, Caitlin Hayden --ki àbòde dosye a madi 26 out 2014 la ak laprès-- deklare otorite yo te byen okouran prezans ameriken sa a nan peyi Siri. Non li se Douglass McCarthur McCain; li te genyen 33 zan. Madam Hayden kontinye pou l di otorite yo panse genyen plizyè douzèn ameriken kap batay bò kote militan yo nan Siri ak Irak.

Bò kote pa l, pòtpawòl Depatman Deta a, Jen Psaki, fè konnen nan menm jounen madi a, otorite yo resevwa nouvèl lanmò McArthur McCain nan e yo deja kontakte fanmi misye. Madam Psaki di jounalis yo :

«Tankou nou konnen sa deja, an jeneral, genyen yon pwosesis nou dwe swiv anvan nou bay okenn konfimasyon. E, san di pètèt, akoz respè nou genyen pou fanmi an, nou pa pral ajoute okenn lòt komantè pou le moman. »

Chèn televizyon NBC fè konnen Douglas McArthur McCain –moun vil New Hope, nan eta Minnesota-- te mouri nan jounen dimanch pase a nan yon atak lame siryèn nan te lanse kont opozisyon an nan vil Alèp. Daprè chèn televizyon an toujou, misye te antre sou tèritwa siryen an an pasan pa peyi Tiki.

Jonathan Adelman se yon pwofesè kap anseye relasyon entènasyonal nan Inivèsite Denver la nan Eta Kolorado. Li fè konnen konbatan etranje ki nan Siri ak Irak yo, tankou Douglas McArthur McCain, poze yon veritab danje pou peyi oksidantal yo, san bliye Lèzetazini.

« Le fèt è ke genyen, daprè kalkil yo, yon afè de 100 ameriken, ant 400 a 500 sitwayen britanik ak plizyè santèn fransè. Kidonk, genyen apeprè 2 mil konbatan oksidantal nan mitan gwoup militan islamik yo, plis lòt konbatan ki sòti lot kote e ki kapab antre fasilman Ozetazini. Mwen panse se yon sitiyasyon nou dwe pran trè zoserye. Pwoblèm nan poko rezoud jan nou te panse l la, aprè lanmò sèvo al-Kayda a, Ozama Ben Laden. »

Pwofesè Jonathan Adelman fini pa di militan islamik yo sèvi ak rezo sosyal yo (tankou Facebook, Twitter, elatriye…) pou yo rekrite nouvo manm tou patou nan lemond.

XS
SM
MD
LG