Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Sèmante Lap Elimine Tout Tinèl Militan Hamas yo "Avèk ou San yon Seselfe"


Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu (nan mitan) ak Minis Defans la, Moshe Yaalon (agoch) pandan yon rankont kabinè ministeryèl la nan Tel Aviv (Foto: 31 jiyè 2014).
Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu (nan mitan) ak Minis Defans la, Moshe Yaalon (agoch) pandan yon rankont kabinè ministeryèl la nan Tel Aviv (Foto: 31 jiyè 2014).

Premye Minis Izrayèl la, Benjamin Netanyahu, fè sèman lame peyi li pral elimine yon rezo tinèl militan palestinyen yo itilize pou yo enfiltre tèritwa izrayelyen an – e lame a pral fè sa "avèk ou san yon seselfe". Pandan Misye Netanyahu tap prezide yon reyinyon kabinè ministeryèl la jedi 31 jiyè a, li fè konnen li pap aksepte okenn akò ki ka anpeche Izrayèl konplete sa li konsidere kòm prensipal misyon operasyon militè li lanse sou Bann Gaza a.

Daprè yon otorite nan depatman defans Izrayelyen an ki pale mèkredi, se 2 zou 3 jou sèlman ki rete anvan lame a fin detwi nèt rezo tinèl militan Hamas yo konn itilize pou yo antre an kachèt ann Izrayèl. Minis defans izrayelyen an, Moshe Yaalon, konfime nouvèl sa a.

« Nou deja detwi kèk nan tinèl yo. Nou pral detwi kèk lòt anvan lontan. Se yon travay nap fè yon fason pwofesyonèl. »

An menm tan tou, otorite militè yo anonse yo lanse apèl pou 16 mil nouvo sòlda rezèvis mobilize nan moman konfli a -ki rive sou 24èm jou li- ap kontinye ak atak lame a ap lanse ni anlè ni atè e ki gen ladan yo gwo bonbadman tank militè ap lanse.

Atak sa yo fè pati kanpay militè Izrayèl te lanse sa gen plis pase 3 semèn e ki touye 32 moun mèkredi 30 jiyè a sèlman. Daprè otorite palestinyen yo, depi 8 jiyè pase a -dat kote operasyon an te kòmanse a- mil 300 moun pèdi lavi yo; pi fò nan yo se sivil. Izrayèl pèdi 56 sòlda ak 3 sivil.

XS
SM
MD
LG