Accessibility links

Breaking News

Plis Reyaksyon aprè Prezidan Martelly te Deklare "Kès Leta yo Vid."


Daprè dènye nouvèl yo, yon moun bezwen 46 goud jodi a pou yon dola ameriken.
Daprè dènye nouvèl yo, yon moun bezwen 46 goud jodi a pou yon dola ameriken.
Minis finans ak afè ekonomik peyi d'Ayiti a, Marie-Carmelle Jean-Marie, pote presizyon sou deklarasyon Prezidan Martelly te fè sou eta kès piblik yo. Madam Jean-Marie di Misye Martelly tap fè referans ak yon seri de faktè ki gen konnsekans negatif sou ekonomi peyi a, tankou: antre fiskal ki pi ba pase sa otorite yo te prevwa; entitisyon finansye ak donatè entènasyonal ki sispann prete Ayiti lajan ("kounye a se don sèlman yo ban nou"), mete, antwòt, sou anpil demand otorite nan vil pwovens yo ap fè pou gouvènman an reyalize pwojè lakay yo.

Bò kote pa l, lidè politik e pwofesè dwa entènasyonal Mirlande Manigat -dirijan RDNP, ou Rassemblement des Démocrates Nationaux Progressistes- di chèf deta a maniteste yon mank sans responsablite, paske li lage panik nan mitan piblik la. Menmsi Madam Manigat apresye sa li konsidere kòm senserite Prezidan Martelly, li ale pi lwen pou l di chèf deta a gen eksplikasyon pou l bay; pa egzanp, li ta dwe di pèp la kijan lajan peyi a fè fini? "Si kès yo vid kounye a, sa vle di yo te genyen kichòy ladan yo anvan." Lidè RDNP a fini pa deklare Prezidan Martelly pa ka lage sou do konstriksyon wout le fèt ke finans peyi a ta deja fini.

Yon lòt kote, Konferans Episkopal la, prensipal medyatè nan dyalòg ki te debouche sou sa ki rele "Akò El Rancho a", envite pati siyatè akò sa a nan yon rankont ki fikse pou jounen lendi 15 avril 2014 la pou yo chwazi lòt reprezantan nan komisyon ki la pou fè suivi sou aplikasyon akò a. Kèk nan manm komisyon an te kite pòs yo pou yo antre nan gouvènman d'ouvèti Premye Minis Laurent Lamothe fèk fòme a.

Anfen, nan yon rankont direktè jeneral ladwann peyi d Ayiti a, Fresnel Jean-Baptiste, fè ak laprès nan jounen lendi 14 avril la, li di lajan biwo li a antre jiskaprezan pou ane a anrejistre yon bès 1, 5 pousan pa rapò ak sa otorite yo te prevwa a. Sepandan, Misye Jean-Baptiste espere sitiyasyon an kapab chanje pandan rès ane a, sitou si palman an vote yon vèsyon revize bidjè nasyonal la -vèsyon ki gen ladan n kèk mekanism ki ta kapab pote yon ogmantasyon nan revni fiskal yo.

Klike sou "koute" pou w swiv detay sou nouvèl sa yo.
XS
SM
MD
LG