Accessibility links

Breaking News

Operasyon Sere-boulon kont Militan nan Ikrèn


Moun te kapab wè sòlda ikrenyen tou prè yon elikoptè militè MI-8 ak machin blende nan yon pòs enspeksyon pa lwen ak vil Izium nan pati lès Ikrèn (Foto: 15 avril 2014).
Moun te kapab wè sòlda ikrenyen tou prè yon elikoptè militè MI-8 ak machin blende nan yon pòs enspeksyon pa lwen ak vil Izium nan pati lès Ikrèn (Foto: 15 avril 2014).
Nan Ikrèn, Prezidan pwovizwa a, Oleksander Turchynov, lanse yon operasyon sere-boulon kont militan pwo-Larisi ki pran daso kèk biwo leta nan pati lès peyi a. Misye Turchynov –ki te pran lapawòl devan manm palman an madi 15 avril la-- fè konnen fòs gouvènmantal yo tanmen yon operasyon nan rejyon Donetsk, kote militan pwo-Moskou te rejte yon iltmatom gouvènmann an te lanse pou yo sispann okipe biwo yo pa pi ta ke lendi, sinon otorite yo ta pral itilize lafòs pou mete yo deyò.

Gouvènman peyi oksidantal yo lanse akizasyon pou di se Moskou kap ankouraje militan yo pou yo aji jan yap aji nan lati lès Ikrèn. Prezidan ameriken an, Barack Obama --ki te gen yon konvèsasyon telefonik ak kòlèg ris li a, Vladimr Putin nan jounen lendi-a-- lanse avètisman pou l di Larisi pral fè fas ak plis sanksyon si li pa mete fen nan entèvansyon li nan sa kap pase nan Ikrèn nan. Misye Obama bay Prezidan Putin konsèy tou pou l sèvi ak enfliyans li pou l pran tèt militan yo pou fè yo kite biwo yo okipe yo.
XS
SM
MD
LG